mwakreyollogoTSP
Po ak pò pa menm bagay la: Poukisa aksan yo enpòtan
Home  ⇒  Òtograf   ⇒   Po ak pò pa menm bagay la: Poukisa aksan yo enpòtan

Entwodiksyon

Lè w ap ekri, gen yon règ ki enpòtan anpil: nou dwe toujou mete aksan sou lèt yo lè sa nesesè. Sinon, moun k ap li ou a gendwa pa konprann ou oswa mal konprann ou. Bon nouvèl la se, gen yon sèl aksan nan òtograf kreyòl : Aksan fòs !

🌟Verifye

Reponn kesyon ki anba a pou verifye konesans ou.

Poukisa li enpòtan pou mete aksan sou lèt yo lè sa nesesè?

Your score is

The average score is 54%

💡 Repons: Nou itilize aksan fòs la pou fè diferans ant mo ki sanble men son yo diferan, epi evite konfizyon lè w ap li oswa ekri. Si ou pa mete aksan lè sa nesesè, se yon òtograf!

⬆️ Retounen Anwo

Aksan Fòs (Aksan Grav) – Sèl Aksan Kreyòl

Aksan fòs se sa ou mete sou vwayèl pou chanje son li. Ou mete li sou "e" nan bebe pou fè son an "è" nan bèbè

🎧 Koute

Klike sou bouton ki anba a pou w tande diferans ant mo ki gen aksan ak sa ki pa genyen yo.

❌ San aksan fòs ✅ Avèk aksan fòs
pan pàn
po
pale palè
chante chantè
bebe bèbè

✏️ Sonje: se aksan fòs (è) ki montre diferans ant mo tankou "pale" ak "palè".

🌟Eseye ou menm

Tape mo sa yo epi sonje mete aksan lè sa nesesè

⬆️ Retounen Anwo

 

Aksan Nou PA Sipoze Itilize

1. ❌ Aksantegi (é)

Kreyòl pa itilize aksantegi, menm si mo a sanble ak franse.

❌ Sa pa bon ✅ Se sa ki bon
ékol lekòl
étidyan etidyan
réspè respè
évènman evènman
décidé deside

⚠️ Menmsi ou fèmen bouch ou lè w ap pale, ou pa fèmen bouch ou lè w ap ekri. Se pou sa ou pa bezwen aksantegi pou fè distenksyon an.

2. ❌ Aksan Sikonflèks (^) – Nou pa nan ti chapo!

Pafwa moun mete "ti chapo" sou lèt tankou ô, ê, â, men sa se franse, pa Kreyòl.

❌ Ti chapo sa pa pou nou ✅ Men fòm kreyòl la
mêt mèt

🚫 Aksan sikonflèks pa egziste an Kreyòl.
✅ Sèvi sèlman ak aksan fòs (è), epi mete li kote li nesesè.

⬆️ Retounen Anwo

Kijan pou w mete aksan fòs sou klavye w

💻 Sou Windows

(Kenbe Alt, tape kòd la, epi lage Alt ):

  • è = Alt + 0232

    • È = Alt + 0200

á = Alt + 0225 Á = Alt + 0193 é = Alt + 0233 É = Alt + 0201 ó = Alt + 0243 Ó = Alt + 0211

🍏 Sou Mac

    • Peze epi kenbe Option + , epi peze e

    • Pou majiskil: Option + , epi Shift + E

📱 Sou Telefòn oswa Tablèt

    • Peze epi kenbe lèt “e”, epi chwazi “è” nan meni ki parèt.

🧠 An Rezime

    • Sèl aksan legal nan Kreyòl se aksan fòs (è)

    • ❌ Pa itilize aksantegi (é) oswa aksan sikonflèks (ô, ê, â)

    • 🎯 Aksan fòs la ede w ekri klè epi evite konfizyon

    • 💡 Pratike li sou klavye w epi pataje nouvo konesans sa a


Kesyon sou Aksan

Kounye a ou konnen tout sa ou bezwen konnen sou zafè aksan sa a! An nou wè sa w sonje!

1 / 5

Kilè ou dwe itilize a ak aksan fòs (à)

2 / 5

Kiyès nan mo sa yo ki ekri kòrèkteman? Chwazi tout bon repons yo.

3 / 5

Ki grenn aksan ki egziste nan òtograf kreyòl la?

4 / 5

Poukisa li enpòtan pou mete aksan sou lèt yo lè sa nesesè?

5 / 5


Dikte

Your score is

The average score is 67%

Retounen lòt semèn pou yon nouvo leson!

📣 Pa fè chich!

Ou gen yon zanmi ki toujou mete “é” oswa “ô” nan mo Kreyòl?
Voye leson sa ba li — paske Kreyòl pa franse, epi chak lèt rete nan wòl yo !