mwakreyollogoTSP
Separe mo yo pou evite konfizyon
Home  ⇒  Òtograf   ⇒   Separe mo yo pou evite konfizyon

Entwodiksyon

Menm jan li enpòtan pou nou klè lè n ap pale, nou dwe klè lè n ap ekri. Ou gendwa deja alèz pou w pale kreyòl men li mande plis disiplin lè w ap ekri l. Yon vye abitid anpil moun genyen se kole de (2) mo ansan : nap, poul, relem, twouvel, elatriye. Leson sa a ap ede w konprann poukisa li enpòtan pou separe mo yo.

🌟Verifye

Reponn kesyon ki anba a pou verifye konesans ou.


Separe mo yo

1 / 1

Poukisa li enpòtan pou nou separe mo yo kòmsadwa? Chwazi tout repons ki bon yo.

Your score is

The average score is 20%


💡 Repons: Règ la senp, chak mo dwe gen yon espas ki separe l ak mo ki vini anvan ak apre li a. Selon Akademi Kreyòl Ayisyen an, nan Dispozisyon #2 ki nan dezyèm rezolisyon an: Li pa nesesè pou nou sèvi ni ak apostwòf ni ak tirè pou nou kole yon mo ak yon lòt mo. Lè mo tankou « mwen, ou, li, nou, yo » parèt sou fòm kout (m, w, l, n, y), nou pa dwe kole yo ni ak mo ki vini anvan yo a, ni ak mo ki vini
apre yo a. Annik kite yon espas pou nou separe yo ak lòt mo.

📖 Kominikasyon klè enpòtan lè w ap ekri

Lè w ap ekri, se kominike w ap kominike ak yon moun. Moun k ap li ou a pa nan tèt ou. Li pa gen tout enfòmasyon ou genyen. Si ou pa ekri byen, moun nan pral oblije nan redi pou l konprann ou. Se poutèt sa li enpòtan pou w panse ak moun ki pral li sa w ap ekri a.

        •  

📜 Akademi Kreyòl Ayisyen: Dispozisyon #2 – Fòm long ak fòm kout

Akademi Kreyòl Ayisyen mete règ ki di gen mo ki gen fòm long ak fòm kout. Egzanp:

Fòm Long Fòm Kout
mwen m
ou w
li l
nou n
yo y

Men, fòm kout sa yo pa dwe kole ak lòt mo. Yo dwe toujou separe!

📝An nou pratike


Pou fini

Menm jan ak tout lang, an kreyòl, chak mo rete nan wòl li. Lè nou kole mo yo, nou ka chanje sans sa n ap ekri a oswa rann li pi difisil pou moun konprann nou. Yon ti koreksyon ka fè yon gwo diferans.

📣 Pa fè chich!

Ou gen yon zanmi ki toujou kole mo yo ?
Voye leson sa ba li pou l ka aprann tou !

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *