Entwodiksyon
Lè w ap ekri, gen yon règ ki enpòtan anpil: nou dwe toujou mete aksan sou lèt yo lè sa nesesè. Sinon, moun k ap li ou a gendwa pa konprann ou oswa mal konprann ou. Bon nouvèl la se, gen yon sèl aksan nan òtograf kreyòl : Aksan fòs !
🌟Verifye
Reponn kesyon ki anba a pou verifye konesans ou.
💡 Repons: Nou itilize aksan fòs la pou fè diferans ant mo ki sanble men son yo diferan, epi evite konfizyon lè w ap li oswa ekri. Si ou pa mete aksan lè sa nesesè, se yon òtograf!
Aksan Fòs (Aksan Grav) – Sèl Aksan Kreyòl
Aksan fòs se sa ou mete sou vwayèl pou chanje son li. Ou mete li sou "e" nan bebe pou fè son an "è" nan bèbè.
🎧 Koute
Klike sou bouton ki anba a pou w tande diferans ant mo ki gen aksan ak sa ki pa genyen yo.
| ❌ San aksan fòs | ✅ Avèk aksan fòs |
| pan | pàn |
| po | pò |
| pale | palè |
| chante | chantè |
| bebe | bèbè |
✏️ Sonje: se aksan fòs (è) ki montre diferans ant mo tankou "pale" ak "palè".
🌟Eseye ou menm
Tape mo sa yo epi sonje mete aksan lè sa nesesè
Aksan Nou PA Sipoze Itilize
1. ❌ Aksantegi (é)
Kreyòl pa itilize aksantegi, menm si mo a sanble ak franse.
| ❌ Sa pa bon | ✅ Se sa ki bon |
| ékol | lekòl |
| étidyan | etidyan |
| réspè | respè |
| évènman | evènman |
| décidé | deside |
⚠️ Menmsi ou fèmen bouch ou lè w ap pale, ou pa fèmen bouch ou lè w ap ekri. Se pou sa ou pa bezwen aksantegi pou fè distenksyon an.
2. ❌ Aksan Sikonflèks (^) – Nou pa nan ti chapo!
Pafwa moun mete "ti chapo" sou lèt tankou ô, ê, â, men sa se franse, pa Kreyòl.
| ❌ Ti chapo sa pa pou nou | ✅ Men fòm kreyòl la |
| bô | bò |
| kô | kò |
| mêt | mèt |
| pê | pè |
🚫 Aksan sikonflèks pa egziste an Kreyòl.
✅ Sèvi sèlman ak aksan fòs (è), epi mete li kote li nesesè.
Kijan pou w mete aksan fòs sou klavye w
💻 Sou Windows
(Kenbe Alt, tape kòd la, epi lage Alt ):
-
- è = Alt + 0232
-
- È = Alt + 0200
á = Alt + 0225 Á = Alt + 0193 é = Alt + 0233 É = Alt + 0201 ó = Alt + 0243 Ó = Alt + 0211
🍏 Sou Mac
-
- Peze epi kenbe Option + , epi peze e
-
- Pou majiskil: Option + , epi Shift + E
📱 Sou Telefòn oswa Tablèt
-
- Peze epi kenbe lèt “e”, epi chwazi “è” nan meni ki parèt.
🧠 An Rezime
-
- ✅ Sèl aksan legal nan Kreyòl se aksan fòs (è)
-
- ❌ Pa itilize aksantegi (é) oswa aksan sikonflèks (ô, ê, â)
-
- 🎯 Aksan fòs la ede w ekri klè epi evite konfizyon
-
- 💡 Pratike li sou klavye w epi pataje nouvo konesans sa a
Retounen lòt semèn pou yon nouvo leson!
📣 Pa fè chich!
Ou gen yon zanmi ki toujou mete “é” oswa “ô” nan mo Kreyòl?
Voye leson sa ba li — paske Kreyòl pa franse, epi chak lèt rete nan wòl yo !
