Selebrasyon Mwa Lang ak Kilti Kreyòl!
Ou renmen kreyòl?
Rankont sa a se pou ou !
24–25 OKTÒB 2026
11:00 – 14:00 (lè Ayiti)
Enskri Kounye aGratis, sou Zoom, enskri pou toude jou yo!
Ap gen sèvis entèprèt Kreyòl <> Angle pandan tout pwogram nan
Haitian Kreyòl <> English interpretation throughout the entire program
Kisa Boukantay ye?
Boukantay vle di echanj.
Se yon rankont vityèl kote edikatè, tradiktè, entèprèt, chèchè ak atis vin boukante sa yo konnen sou kreyòl ayisyen.
Poukisa ?
Kreyòl la se pa sèlman lang nou pale lakay. Li nan lekòl, nan lopital, nan teknoloji, nan tribinal imigrasyon, nan Vodou, nan mizik.
An n pale de avni l, ansanm.
« Avni lang kreyòl la se responsablite nou tout. Nou bezwen kreye plis espas pou pataje konesans, boukante lide epi reflechi sou aksyon konkrè ki kapab ede lang nou an pran plas li merite nan sosyete a. Sa se objektif BOUKANTAY 2026. »
Nou envite tout moun alawonnbadè
| 24 OKTÒB | 25 OKTÒB | |
|---|---|---|
| Port-au-Prince | 11:00 – 14:00 | 11:00 – 14:00 |
| New York · Miami · Montréal | 11:00 – 14:00 | 11:00 – 14:00 |
| Chicago | 10:00 – 13:00 | 10:00 – 13:00 |
| Paris | 17:00 – 20:00 | 16:00 – 19:00 |
Plis pase 15 vwa,yon sèl lang.
Envite Espesyal
DiskouFritznel Octave
Redaktè an Chèf ak Prezantatè nan 1804 Renaissance
Konsyans Nou: Nou Se Ayisyen, Itilize Lang Nou
PrezantasyonDrianca Derice
Fondatè Jeni DriD
Fason lang kreyòl ayisyen an kapab sèvi kòm yon zouti pou ankouraje ekselans nan edikasyon
PrezantasyonMike Bellot
Fondatè KAW Academy
Prezantasyon sou KAW ak travay y ap fè an kreyòl, epi enpòtans lang lan nan edikasyon ak devlopman kominote nou an.
PrezantasyonValencie Exceus
Pwofesyonèl ki travay sou twomatis endividyèl ak kolektif
Efè twomatis sou langaj
DiskouDoktè William Balan Gaubert
Istoryen
Relasyon ant lang kreyòl la ak filozofi Vodou
PèfòmansRideka Jacques
Chantèz ayisyèn
Pèfòmans mizikal
Plis estaf Creole Solutions nan ak Kreyòl Club nan University of Chicago
-
PrezantasyonJean-Marc Julien · Anseyan
Jean-Marc Julien pral montre kijan li sèvi ak lang kreyòl ayisyen kòm zouti pou anseye enfòmatik, rann konesans sou teknoloji pi aksesib epi bay jèn an n Ayiti yo plis mwayen pou yo devlope konpetans yo.
-
PanèlJasmin Larose, Luckenson Augustin, Jean Smith Dor · Tradiktè
Nan yon panèl sou tradiksyon kreyòl ayisyen, Jasmin Larose, Luckenson Augustin ak Jean Smith Dor pral pataje eksperyans yo nan domèn tradiksyon, egzamine pi gwo defi tradiktè yo genyen, sitou nan gwo pwojè tradiksyon, epi pwopoze solisyon ak bon pratik pou amelyore kalite tradiksyon yo.
-
AtelyeMc Neil Jean-Louis · Tradiktè
Mc Neil Jean-Louis pral anime yon atelye ki rele « Kijan nou ka itilize prensip kominikasyon klè nan tradiksyon medikal ». Atelye sa a pral montre kijan tradiktè yo ka rann enfòmasyon medikal yo pi senp, pi klè ak pi fasil pou pasyan ki pale kreyòl ayisyen konprann.
-
AtelyeEdlens Ulysse · Entèprèt
Edlens Ulysse pral anime yon atelye sou etik ak responsablite pwofesyonèl nan entèpretasyon. Li pral pataje eksperyans li nan travay avèk paran timoun ki gen reta nan devlopman, ansanm ak imigran ayisyen k ap fè fas ak defi nan sistèm imigrasyon ameriken an.
-
TemwayajManm Kreyòl Club nan University of Chicago
Eksperyans yo ak pèspektiv yo antanke jèn nan dyaspora a k ap aprann kreyòl
Lòt aktivite nou mwa sa a nan dyaspora a
17 OKTÒB 2026
Ayiti Visionaries: Historical Figures
Activating Memwa: Honoring the Leaders Who Shaped Ayiti. Haitian Preservation.
10:00 – 13:00 (lè Ayiti)
Enskri
22 OKTÒB 2026 · Zoom
#MotherTonguesUnited: Teaching Kreyòl in the Dyaspora
Kreyòl Institute and Creole Solutions, co-sponsored by NYU CLACS.
19:15 – 20:45 (lè Ayiti)
Enskri
31 OKTÒB 2026 · Randolph, MA
Haitian American Business Summit
Marleen Julien, moderator: Starting & Growing a Business. Hosted by the U.S. Haitian Chamber of Commerce.
📅 Saturday, October 31, 2026 | 9:00 AM – 6:00 PM
📍 Blue Hills Ballroom | 21 Scanlon Dr., Randolph, MA 02368
EnskriSuiv nou sou rezo yo pou plis detay sou pwogram nan.
Plis pase 15 vwa,yon sèl lang.
24–25 OKTÒB 2026
Vin Boukante